Little Haiti Book Festival – kreyòl

Read this page in English

Miami Book Fair an kolaborasyon avèk Sosyete Koukouy ap prezante “Little Haiti Book Festival” samdi 27 me ak dimanch 28 me 2017. Senkyèm festival  liv sa a se yon kokennchenn evennman kiltirèl e literè ki pral resevwa ekriven, libreri, distribitè liv, atis ak yon tralye atelye travay sou atizay.  S’on prezantasyon Sosyete Koukouy, poto mitan kilti lakay, ak Miami Book Fair ki fèk mete sou pye pwogram ki rele ReadCaribbean.

Vann oswa Prezante nan Festival la

Evènman sa a gratis e li ouvri pòt li bay tout moun. L ap fèt nan Konplèks Kiltirèl Little Haiti (Little Haiti Cultural Complex), 212 NE 59 Ter. Miami, ak nan Libreri Mapou, 5919 NE 2nd Ave, Miami, FL. ki tou kole avèk konplèks la. Tout moun alawonnbadè envite.

Nan “Little Haiti Book Festival,” pral gen prezantasyon otè ayisyen (Ayiti ak Dyaspora), deba ak konferans sou literati k ap bay lang kreyòl la tout onè ak merit li genyen. Ap gen atelye ekriti, lekti ak tout kalite aktivite pou timoun, fim ayisyen, atelye dans, pèfòmans pwezi, dans, mizik, elatriye.

“Little Haiti Book Festival” jwenn bourad nan men Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade (Miami-Dade County Cultural Affairs), Vil Miami ak Komisyonè Keon Hardemon, Konplèks Kiltirèl Little Haiti (Little Haiti Cultural Complex), Fondasyon John ak James L. Knight, Kimberly Green Latin American and Caribbean Center nan FIU, Fondasyon Green Family, Konsila Ayisyen, HALO (Haitian American Leadership Organization), Fanm Ayisyen nan Miami (Haitian Women of Miami), SANT LA, Libreri Mapou, Haitian Cultural Arts Alliance, elatriye.


PROGRAM NOU:

Samdi 27 me @ 6 p.m.

Kòktèl Literè nan Caribbean Marketplace/ Little Haiti Marketplace
Vin rankontre manm Sosyete Koukouy ak konferansye “Little Haiti Book Festival,” tankou paregzanp otè Marie-Alice Théard, yon atis remakab ki mete sou pye Festival Arts nan Pétion-Ville, avèk istoryen Jean-Claude Exulien, ki se fondatè Teyat Nasyonal Ayiti ak COIN (Center for Orientation and Information). De (2) espesyalis sa yo pral pale sou istwa ak enpòtans liv nan vi nou, an Ayiti tankou nan dyaspora a. Vin detann ou, vin bwè ponch tropikal, goute manje kreyòl, fè lakonesans avèk otè yo.

Samdi 27 me @ 7:00 p.m.

Ti Goute Kiltirèl
Ap gen bon jan mizik avèk koral Zetwal Kreyòl ak mayestwo Pierre-Antoine Jules. N ap prezante tou chantè-mizisyen-powèt Kiki Wainwright, sanba Wanègès ak dans fòlklorik.

Samdi 27 me @ 8 p.m.

Istwa ak enpòtans liv (Lekti ak ekriti) nan peyi nou ak nan vi nou / “Haitian Literature: Resilience & Sustenance”*
Madam Marie-Alice Théard ak Pwofesè Jean-Claude Exulien pral eksplike kijan liv louvri lespri e pèmèt moun devlope tèt yo, e rezon ki fè sèvi avèk imajinasyon nou, e pèmèt lòt moun sèvi avèk imajinasyon pa yo tou, se yon obligasyon pou tout sitwayen, espesyalman sitwayen ayisyen k ap chèche jwenn rezistans ak sibzistans. *Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon similtane nan lang angle


Dimanch 28 me @ 12 p.m.

“Literati Natif Natal”
Anivince Jean-Baptiste ak Pierre-Michel Chéry pral debat sou literati modèn an kreyòl, e rezon ki fè se kreyòl anpil ekriven chwazi pou ekri sou lakilti, istwa, refòm sosyal, idantite, ak tout richès pèp ayisyen. Otè yo pral pale tou sou divèsite ki genyen nan tèks literè an kreyòl, e jefò ekriven yo ap fè pou pote flanm lang kreyòl la byen wo. * Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon similtane nan lang angle

Dimanch 28 me @ 12 p.m.

Rankontre Jèn Ekriven Nou yo
Mennen timoun yo vin rankontre twa jèn otè ki deja pibliye liv e ki se modèl pou lajenès: Edwin Bonilla (7 an), Delphine N. Dauphin (7 an), Kimbriah Alfrenar (13 an), ak Phanesia Pharel (17 an). Apre yon chita-pale avèk otè sa yo, timoun yo ap patisipe nan yon atelye avèk ekriven-atis Carol Todaro pou aprann kreye liv.

Dimanch 28 me @ 2 p.m.

“Esklavaj Modèn nan peyi d Ayiti” *
Keseswa moun k ap travay kay moun pou yon kraze monnen, keseswa peyizan k ap chèche lavi anba solèy cho, keseswa restavèk yo malmennen, keseswa viktim trafik seksyèl, lesklavaj modèn se yon gwo pwoblèm nan peyi d Ayiti. Otè yo pral esplike aspè ekonomik e emosyonèl pwoblèm sa a, epi y ap bay opinyon yo sou solisyon ki genyen pou libere moun ki an esklavaj jiska prezan an Ayiti. * Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon similtane nan lang angle

Dimanch 28 me @ 2 p.m.

Ébauches & Banbòch – Yon Atelye Ekriti *
Nan yon kad ki tout alafwa rilaks (banbòch!) e pwofesyonèl, otè Fabienne Josaphat pral moutre teknik ekriti ki pou pèmèt ekriven tout nivo rakonte istwa ak eksperyans yo kòm moun ki soti nan Karayib la. * Nan lang angle, franse, ak kreyòl

Dimanch 28 me @ 2 p.m.

“On the Verge of a Fever” – Yon fim  ak Ayiti Imaj
Kontèks fim sa a se mizè, laperèz ak diktati brital ki te genyen nan ane 1971 nan peyi d Ayiti. “On the Verge of a Fever” (An kreyòl: “Nan gou medanm yo” / An fransè: “Le goût des jeunes filles”) se istwa Fanfan, yon ti gason kenzan ki vle fè eksperyans li nan lavi a, ansanm avèk zanmi li, Gégé, ki gen je byen kale. Fanfan se yon ti inosan manman li te kouve anpil, e vwala li vin temwen yon ensidan tèt chaje. Pou li pa nan pwoblèm ak Tonton Makout, Fanfan deside al kache kay yon vwazin pou tout wikenn nan. Kay tifi a, non sèlman li pè pou yo pa kenbe li, men an menm tan li ta renmen reyalize pi gwo rèv li. Istwa sa a baze sou yon woman ekriven ayisyen Dany Laferrière. Se John L’Ecuyer ki dirije fim nan.

Dimanch 28 me @ 4 p.m.

“Ras & Idantite: Divizyon nan Dyaspora a” *
Ekriven yo pwal prezante relasyon difisil ki egziste ant imigran ki soti nan Karayib la avèk Nwa Ameriken ki nan Sid Lalorid: de (2) gwoup ki fè fas a menm defi sosyal e ki souvan sou anpil presyon pou yo defini idantite yo antanke moun nwa. Otè Maude Heurtelou ak Hervé Fanini-Lemoine pral diskite enpòtans primòdyal solidarite, pou zafè “nou menm” kont “yo menm” nan kaba. * Yon prezantasyon an kreyòl ak entèpretasyon similtane nan lang angle

Dimanch 28 me @ 4 p.m.

Estrateji pou Otè ki vle Pibliye poukont yo
Ou ta renmen pibliye liv pa ou poukont ou? Bito David gen repons pou tout kesyon ou genyen! Vin aprann sekrè ak estrateji pou pibliye, e kijan sitiyasyon an ye pou otè k ap pibliye liv sèjousi.

Dimanch 28 me @ 5 p.m.

“Dans Fòlklorik”
Se te mèt Yanvalou, se te mèt Rara, dans fòlklorik ayisyen jwe yon wòl enpòtan lè moun ap aprann istwa d Ayiti e ap dekouvri richès kiltirèl peyi a. “Little Haiti Book Festival” ap ofri yon atelye dans pou moutre moun diferan kalite dans fòlklorik e diferan son tanbou ki genyen.  

Dimanch 28 me @ 6 p.m.

Atelye sou Vodou
Pou moun ki pa pratike Vodou, twò souvan yo panse se yon vye bagay lèd. Se pa etonan: Tout kote ou pase, yo pale Vodou mal, yo banalize li, yo pase l nan betiz. Si ou ta renmen edike tèt ou e aprann kisa Vodou ye tout bon vre, kisa li vle di, n ap envite ou patisipe nan yon seremoni. Manbo Ingrid ap mountre ou sans vèvè yo genyen; n ap chante chante tradisyonèl Vodou, e n ap bat tanbou pou lwa yo desann.

Dimanch 28 me, tout jounen

Atelye Atizana pou Timoun
Nan “Kids Art Making Studio,” yon reprezantan MDC Museum pwal li istwa pou timoun yo. Apre sa, timoun yo pwal fè yon seri aktivite an rapò avèk liv yo li yo.


Little Haiti Book Festival”, (ke yo te rele anvan “Haitian-Caribbean Book Festival”) se te yon lide Sosyete Koukouy, ki te mete festival la sou pye pandan katran ki sot pase yo. Ane sa a, Sosyete Koukouy ap kolabore avèk Miami Book Fair, ki chita nan Miami Dade College e ke yon konsidere kòm pi gwo festival liv nan peyi Etazini. “Little Haiti Book Festival” jwenn bourad nan men Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade (Miami-Dade County Cultural Affairs), Vil Miami ak Komisyonè Keon Hardemon, Konplèks Kiltirèl Little Haiti (Little Haiti Cultural Complex), Fondasyon John ak James L. Knight, Kimberly Green Latin American and Caribbean Center nan FIU, Fondasyon Green Family, Konsila Ayisyen, HALO (Haitian American Leadership Organization), Fanm Ayisyen nan Miami (Haitian Women of Miami), SANT LA, Libreri Mapou, Haitian Cultural Arts Alliance, elatriye.

Sosyete Koukouy of Miami
Depi fondasyon li an 1985, Sosyete Koukouy nan Miami pran angajman pou prezève kilti ayisyèn nan Ozetazini grasa edikasyon, atizay ak prezantasyon kiltirèl. Misyon li se prezève e simaye kilti ayisyèn nan, sa ki fè li òganize evènman kiltirèl an kreyòl, e pou moun ki pale kreyòl, e pou moun ki pa pale kreyòl. Nan kad misyon sa a, Sosyete Koukouy mete sou pye e prezante pwogram kiltirèl ki edike moun sou pèp ayisyen an, lang li pale, rityèl ak tradisyon li, e rasin li genyen rive jis an Afrik. Li òganize tou pwogram ki pou ankouraje kamaradri ant pèp ayisyen ak moun lòt ras, lòt kilti ak lòt eritaj; li ankouraje respè pou atizana ak atis ki soti Ayiti, Lafrik ak Karayib la, paske li montre kijan atis sa yo pote mòso pa yo nan kad kilti nasyonal ak kilti entènasyonal la. Kontakte: Jan Mapou: 305-757-9922

 

Thank you to our sponsors 
LHBF-sponsors

and supportersLHBF-supporters