Little Haiti Book Festival: Demann pou Vann

Read this page in English

Malerezman, dat la fin pase. Nou p ap asepte aplikasyon ankò!

 

Mèsi dèske w enterese patisipe nan Little Haiti Book Festival, ki pral fèt nan dat dimanch 28 me 2017, nan Little Haiti Complex Center. Nou konte sou patisipasyon w nan Book Festival la epi nou apresye l anpil.

DEMANN POU EKSPOZE

Little Haiti Book Festival ap kòmanse depi nan samdi 27 me pou l fini nan dimanch 28 me. Antanke ekspozan, se nan dimanch 28 me nou vle envite w patisipe nan Book Festival la. (Prezantasyon otè yo ap kòmanse depi 27 me). Ekspozan nou yo esansyèl pou evènman sa a, donk nou espere ou kapab vini ane sa a.

Pou w ekspoze nan Little Haiti Book Festival, se oubyen w ap vann liv, pwodui ki gen pou wè avèk liv, atizana karibeyen, elatriye, se oubyen w ap fè reklam pou yon pwogram ki ankouraje alfabetizasyon. Ou gen dwa yon librè, yon editè, yon otè, oswa yon atis, osinon yon òganizasyon ki pa pou pwofi e ki enterese nan alfabetizasyon oswa pwoblèm edikasyon.

Nan pake sa a w ap jwenn fòmilè ki nesesè yo pou w ekspoze nan Book Festival la. Tanpri li tout bagay atantivman epi ranpli tout fòmilè ki nesesè yo.

Tanpri sonje nou p ap pran demann ou an konsiderasyon toutotan nou pa resevwa peman total pou li. Tout peman dwe fèt pa kat kredi anliy. Si nou apwouve w, w ap resevwa yon lèt akseptasyon k ap konfime atik ou pwal vann yo.

Telechaje Demann nan


Book Festival Exhibitor



DEMANN POU VANN MANJE

Little Haiti Book Festival ap kòmanse depi nan samdi 27 me pou l fini nan dimanch 28 me. Antanke moun k ap vann manche, se nan dimanch 28 me nou vle envite w patisipe nan Book Festival la. (Prezantasyon otè yo ap kòmanse depi 27 me). Moun k ap vann manje yo esansyèl pou evènman sa a, donk nou espere ou kapab vini ane sa a.

Se dwa Little Haiti Book Festival l apwouve Moun k ap Vann Manje ak pwodui yo pwal vann yo, epitou pou l deside si pwodui sa yo pa konvnab. Little Haiti Book Festival pa gen lentansyon mete restriksyon ki pa rezonab sou Moun k ap Vann Manje.

Nan pake sa a w ap jwenn fòmilè ki nesesè yo pou w vann manje nan Book Festival la. Tanpri li tout bagay atantivman epi ranpli tout fòmilè ki nesesè yo.

Tanpri sonje nou p ap pran demann ou an konsiderasyon toutotan nou pa resevwa peman total pou li. Tout peman dwe fèt pa kat kredi anliy. Si nou apwouve w, w ap resevwa yon lèt akseptasyon k ap konfime pwodi ou pwal vann yo.

Telechaje Demann nan


Book Festival Food Vendor




TANPRI SONJE:

Little Haiti Book Festival se yon kolaborasyon ant Miami Book Fair avèk Sosyete Koukouy. Tout lajan nou pran nan men moun k ap vann nan Little Haiti Book Festival pral jwenn Sosyete Koukouy dirèkteman. Peman ki fèt pase pa lyen ki sou paj wèb sa a pral sou kont PayPal Sosyete Koukouy la dirèkteman. Kont PayPal sa a pa transfere fon bay ni Miami Book Fair ni Miami Dade College.

Sosyete Koukouy, Inc. (Sos-ye-te Koo-Kouy), ki tabli depi 1985, se yon òganizasyon ki pa pou pwofi e ki pran angajman pou prezève kilti ayisyen Ozetazini grasa edikasyon, atizay, ak prezantasyon kiltirèl. Pou plis enfòmasyon sou Sosyete Koukouy al sou  http://www.sosyetekoukouy.org/