Guy Regis

Cindy Seip

Guy Regis is a writer, director, actor, and producer, and the executive director of Association Quatre Chemins. Throughout his career, Regis has worked extensively to develop infrastructures for cultural production throughout Haiti. In 2001, Regis created his drama company Nous Theater. His plays, novels, and theater works have been translated into multiple languages and have toured internationally. Between 2012 and 2013, Regis directed, with the support of the European Union, a project called Migrants, in which he organized large-scale artistic workshops throughout Haiti with international creators. From 2012 to 2014, Regis was the director of Drama at the National Arts School of Haiti. As the leader of Association Quatre Chemins, Regis aims to renew and develop the Haitian living arts sector through an annual theater festival, artistic residency programs for drama outside the boundaries of Port-au-Prince, and programs focused on children and students’ access to drama throughout Haiti.

Guy Regis se yon ekriven, yon direktè, yon aktè, ak yon pwodiktè, epitou direktè egzekitif Association Quatre Chemins. Pandan tout karyè li, Regis travay anpil pou elabore enfrastrikti ki nesesè pou pwodiksyon kiltirèl toupatou nan peyi Dayiti. An 2001, Regis te kreye konpayi teyat li an Nous Theater. Yo tradui pyès teyat ak woman li yo nan plizyè lang epi li prezante yo nan peyi etranje. Ant 2012 ak 2013, Regis te dirije, avèk soutyen Inyon Ewopeyen an, yon pwojè ki te rele Migrants, kote li te òganize atelye atistik a gran echèl toupatou nan peyi Dayiti an kolaborasyon avèk kreyatè entènasyonal. Ant 2012 ak 2014, Regis te direktè Teyat nan Lekòl Nasyonal Lèza a nan peyi Dayiti. Kòm dirijan Association Quatre Chemins, Regis gen kòm objektif renouvle ak devlope sektè lèza vivan ayisyen an gras a yon festival teyat k ap fèt chak ane, pwogram rezidans atistik pou teyat andeyò Pòtoprens, ak pwogram ki konsantre sou fè timoun ak elèv toupatou nan peyi Dayiti jwenn aksè a teyat.