Delphine Nephtalie Dauphin, also known as Joy, is a Kid-trepreneur. She is the owner and baker of Joy’s Yummy Cupcakes by Delphine, a company that she founded at the age of 7. She has participated at the Miami Book Fair and The Miami Gardens Wine & Fond Experience. She has a passion for arts and entrepreneurship. Delphine has been leading an Annual All Girls PJ Party during Christmas season to connect her friends. She is a Princess & Pearls Ambassador, philanthropist, pianist and ballet student. When she’s not baking, doing her schoolwork, surfing the net for research or speaking at events, she is most likely reading a good book or watching Jessie on Netflix. Delphine resides with her mother in the City of Miramar, Florida.
Delphine Nephtalie Dauphin, ki gen kòm ti non Joy (“lajwa”), se yon timoun ki deja antreprenè. Li se mèt ak patisyè Joy’s Yummy Cupcakes by Delphine, yon konpayi li fonde a laj 7 an. Li patisipe nan Miami Book Fair ak nan Miami Gardens Wine & Food Experience. Li gen yon pasyon pou aktivite atistik ak antreprenarya. Chak ane, Delphine òganize yon fèt an pijama pou tifi sèlman (Annual All Girls PJ Party) pandan epòk nwèl la pou fè zanmi li yo konn youn lòt. Li se yon Anbasadè Princess & Pearls, yon byenfektè, li jwe piyano epi li danse balè. Lè li p ap fè patisri, fè travay lekòl li, navige sou entènèt pou fè rechèch oswa pale nan evènman, li li yon bon liv oswa li gade Jessie sou Netflix. Delphine rete avèk manman l nan Vil Miramar, Florida.