Born in Port au Prince, Marie Jocelyne Trouillot holds a Master’s degree in Psychology from the Université de Bordeaux, in France. Also an educator by trade, she taught for several years at the University of Florida. She is currently the Chancellor of Université Caraïbe, in Port-au-Prince, and the editor-in-chief of the university’s small press. In addition to essays on various topics, she’s published about twenty books in Haitian Creole, including Fifi pè peny, which was selected for the IBBY Honour List in 2012.
Marie Jocelyne Trouillot fèt Pòtoprens. Li etidye sikoloji nan peyi Ayiti epitou nan Université de Bordeaux, nan peyi Lafrans. Li fè yon metriz an edikasyon bileng nan Long Island University epi yon doktora an edikasyon nan Florida Atlantic University. Li te travay pandan plizyè ane nan Florida International University e prezantman li se rektè Université Caraïbe, nan Pòtoprens, e editè anchèf mezon edisyon inivèsite a. Li te youn nan redaktè anchèf Diksyonè kreyòl Karayib ansanm ak de lòt diksyonè (anglè/kreyòl e fransè/kreyòl). Li pibliye plis pase 75 liv pou timoun an kreyòl, tankou paregzanp seri Gougou, Fifi, ak Jenn jan yo. Se youn nan senk fi ki fè pati Akademi Kreyòl la, e li resevwa plizyè pri nan men IBBY (« International Board on Books for Young Children »), nan men Ministè ala Kondisyon Feminin, epi « Direction Nationale du Livre » (Ministè Lakilti). Yo te ba li tit « Gardienne du Livre » nan Livres en Folie.