Dr. Jerry M. Gilles is the author of Remembrance: Roots, Ritual, and Reverence in Vodou (Bookmanlit, 2009). Gilles’ formal training is in medicine. His great- grandfather was a traditional Haitian healer, who treated with herbs what Dr. Gilles now treats with pharmaceutical products often derived from those same herbs. Vodou is fascinating to Dr. Gilles because it is a repository of the knowledge, culture, and beliefs brought to Haiti from Africa. Dr. Gilles is an associate professor who has published in numerous peer review journals including the New England Journal of Medicine. He is a graduate of Columbia University and SUNY at Stonybrook.
Dr. Jerry M. Gilles se otè Sèvis Ginen : Rasin, Rityèl, Respè nan Vodou. Dr. Gilles resevwa fòmasyon nan domèn lamedsin. Papa granpapa li se te yon doktè fèy ki te trete maladi avèk plant ; se menm maladi sa yo Dr. Gilles ap swaye jodia avèk remèd ki abaz menm plant sa yo. Vodou se yon fasinasyon pou Dr. Gilles paske Vodou se yon kalbas konesans, kilti, ak kwayans ki sòti depi Lafrik pou rive peyi Dayiti. Dr. Gilles se yon pwofesè adjwen ki pibliye nan plizyè gwo jounal, tankou paregzanp New England Journal of Medicine. Li gradye Columbia University ak SUNY nan Stonybrook.