Doctor honoris causa in humanities, art historian Marie Alice Théard was born in Haiti. A poet and prose writer, she’s also the manager of the Festival Arts Gallery and a public relations specialist. She’s has been conducting seminars on good manners and etiquette since 1989. Her reviews of Haitian art have been published in Haiti and abroad. As the head of Éditions Théard, Ms. Théard received the IWA publisher award. She is the assistant general director of International Biographical International Centre of Cambridge (BIC) in America. Her cultural show “Kiskeya, l’île mystérieuse” on Canal Bleu (channels 38 and 89) helps keep Haitian cultural heritage alive. Marie Alice has published five collections of short stories (Petites histoires insolites) and two poetry collections (Cri du cœur and Au pays du soleil bleu), and she’s edited four anthologies (Haïti, la voie de nos silences). She’s a member of AICA and IWA. She considers her children and seven grandchildren her proudest accomplishment.
Marie Alice Théard se yon doktè onorè nan domèn lèt ak syans imen. Istoryèn atizay sa a fèt nan peyi Dayiti. Non sèlman li se yon powèt e yon ekriven, li se direktè galri da Festival Arts e yon espesyalis nan relasyon piblik. Anfèt, li fè seminè sou savwaviv ak etikèt depi 1989. Kritik li ekri osijè la ayisyen pibliye e nan peyi Dayiti e aletranje, kòmanse depi 1999. Antanke responsab Éditions Théard depi 1994, li resevwa pri editè nan men IWA. Marie Alice Théard se direktè jeneral adjwen International Biographical International Centre of Cambridge (BIC) nan Amerik yo. Emisyon kiltirèl li a, “Kiskeya, l’île mystérieuse,” sou Canal Bleu (kannal 38 ak 89) ede kenbe patrimwàn kiltirèl ayisyen an vivan. Marie Alice pibliye senk tòm (Petites histoires insolites) ak de (2) liv pwezi (Cri du cœur ak Au pays du soleil bleu), epi li edite kat tòm yon antoloji ki rele Haïti la voie de nos silences. Li se manm AICA ak IWA, men pi bèl èvda li yo se pitit li yo ak sèt pitit-pitit li yo.