• This event has passed.

Istwa sou blòk nou (#StoriesOnOurBlock)

Wednesday, September 24 @ 8:00 am
On Demand (Virtual)
Share on Facebook Tweet about this on Twitter

In English | En Español | An kreyòl ayisyen

Se La Petite Fille de la rue Mango, yon liv Sandra Cisneros, ki enspire aktivite sa a

Miami Book Fair envite w fè atansyon a mo, imaj, ak detay ki toutotou katye w, epi pou w reflechi sou fason katye sa a make w. Ki souvni ou genyen lè w panse a blòk kote w rete a? Ki son, ki odè, ak ki istwa ki fè w santi w lakay ou sou katye a? Petèt se sonèt yon machann krèm glase, sant vyann griye sòti nan fenèt kwizin yon vwazen, mizik k ap pase nan lari a, oswa kwen lari kote zanmi toujou rasanble pou bay lodyans.

Pwojè sa a ankouraje moun pran tan pou yo obsève anviwònman yo epi pataje sa yo wè, rakonte istwa sou kiyès yo ye, kote yo soti, ak sit ki pi enpòtan pou yo.

Ou kapab soumèt istwa pa w la an anglè, an panyòl, oswa an kreyòl ayisyen.

Kijan pou Patisipe

Opsyon pou soumèt:

  • Foto + tit: Pran foto mo/imaj nan katye w epi ajoute yon ti fraz pou dekri li (estil Instagram/TikTok).
    • Tag @miamibookfair.
  • Foto + tèks kout: Voye 3–5 foto + 1 ti tèks kout (100–150 mo) ki enspire pa katye w. (via Formstack)
    • Lè ou soumèt sa yo, sa ba nou dwa piblikasyon epi n ap sèvi avèk tèks ak imaj yo pou kreye yon antoloji dijital.
  • Istwa odyo: Anrejistre yon mesaj odyo ki pa depase 60 segonn (estil “spoken word”) sou sa foto/oswa pawòl la vle di pou ou (telechaje sou Instagram Reels oswa TikTok).
    • Tag @miamibookfair.

N ap asepte sa moun soumèt depi kounye a rive 1ye novanm 2025. N ap chwazi detwa ladan pou fè pati yon antoloji dijital.

Ansanm, atravè jwa pataje yon gwo liv, n ap apwofondi konpreyansyon nou sou mond lan, kominote nou, ak tèt pa nou.

DownloadSoumèt Istwa Ou

NEA Big Read is a program of the National Endowment for the Arts in partnership with Arts Midwest.

El proyecto NEA Big Read es una iniciativa del National Endowment for the Arts (el Fondo Nacional para las Artes de Estados Unidos) en cooperación con Arts Midwest.

Details

Date:
Wednesday, September 24
Time:
8:00 am

Venue

Name:
On Demand (Virtual)