Foli liv nan Ti Ayiti 2024

Sou plas, jou dimanch 5me nan Little Haiti Cultural Complex
Sou entènèt, nan dat dimanch 19 me  

Miami Book Fair an kolaborasyon avèk Sosyete Koukouy ap prezante Little Haiti Book Festival. Festival  liv sa a se yon kokennchenn evènman kiltirèl e literè k ap fèt an twa tan: dimanch 5 me (sou plas, 11am rive 6pm) e dimanch 19 me (sou entènèt, 7pm). Nou pral resevwa ekriven, libreri, distribitè liv, ak yon tralye atis. 

Evènman sa a gratis e li ouvri pòt li bay tout moun. Nan dat 1ye me, l ap fèt nan Konplèks Kiltirèl Little Haiti (Little Haiti Cultural Complex), 212 NE 59 Ter. Miami, ak nan Libreri Mapou, 5919 NE 2nd Ave, Miami, FL. ki tou kole avèk konplèks la. Tout moun alawonnbadè envite.

Little Haiti Book Festival pral prezante otè ki sot Ayiti ak otè dyaspora ayisyen an, istwa ak aktivite pratik pou timoun yo, pèfòmans dans ak mizik, epitou rankont avèk lidè ak pèsonalite VIP kominote Little Haiti an. Pami sijè panèl nou pral diskite yo, n ap panche sou entelijans atifisyèl (AI) ak wòl òganizasyon kominotè yo jwe nan devlòpman peyi dAyiti.

SIGN UP FOR UPDATES

* indicates required

Little Haiti Book Festival” (ke yo te rele anvan “Haitian-Caribbean Book Festival”) se yon lide Sosyete Koukouy. Li fèt an kolaborasyon avèk Miami Book Fair, ki chita nan Miami Dade College e ke yon konsidere kòm pi gwo festival liv nan peyi Etazini. 

Little Haiti Book Festival jwenn bourad nan men Fondasyon Green Family, Kimberly Green Latin American and Caribbean Center nan FIU, Culture Builds Florida (DOS), Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade (Miami-Dade County Cultural Affairs), Vil Miami ak Konplèks Kiltirèl Little Haiti (Little Haiti Cultural Complex), Libreri Mapou, ak L’Union Suite. Lòt òganizasyon, pwogram, ak endividi ki kore nou, se Books for Free, Museum of Art and Design/Miami Dade College (MOAD), Fanm Ayisyen nan Miami (FANM), SANT LA, Dr. Angelo Gousse, AEDAP, ak Guixens Food Group. Zanmi nou nan medya yo se Chokarella, The Haitian American, Loop Haiti, Island TV, Imaginart, The Haitian Ladies Network, WLRN, WSRF, ak Haiti en Marche.

Sosyete Koukouy nan Miami
Depi fondasyon li an 1985, Sosyete Koukouy nan Miami pran angajman pou prezève kilti ayisyèn nan Ozetazini grasa edikasyon, atizay ak prezantasyon kiltirèl. Misyon li se prezève e simaye kilti ayisyèn nan, sa ki fè li òganize evènman kiltirèl an kreyòl, e pou moun ki pale kreyòl, e pou moun ki pa pale kreyòl. Nan kad misyon sa a, Sosyete Koukouy mete sou pye e prezante pwogram kiltirèl ki edike moun sou pèp ayisyen an, lang li pale, rityèl ak tradisyon li, e rasin li genyen rive jis an Afrik. Li òganize tou pwogram ki pou ankouraje kamaradri ant pèp ayisyen ak moun lòt ras, lòt kilti ak lòt eritaj; li ankouraje respè pou atizana ak atis ki soti Ayiti, Lafrik ak Karayib la, paske li montre kijan atis sa yo pote mòso pa yo nan kad kilti nasyonal ak kilti entènasyonal la. Kontakte: Jan Mapou: 305-757-9922