Pierre Michel Chéry

Sara McCranie

Pierre Michel Chéry is a Computer Scientist, who specializes in software development for accounting and management. With a B.S. in Business Management from INAGHEI and a M.S. in Information Technology, he also studied Linguistics at Faculté de Linguistique Appliquée (FLA). In addition to his professional activities, Pierre Michel Chéry has always campaigned for the Creole language and Haiti’s popular culture. He advocates for teaching scientific disciplines in Creole in order to overcome the flagrant deficit in scientific and technical skills in the country. A member of REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen), he is also member of Akademi Kreyòl Ayisyen. In addition to articles analyzing popular culture and short stories he published in Haïti en Marche (“Mèt Bolo,” “Site Chèlbè,” “Ki Kote Solèy la fè?,” “Èske Diyite se yon bis?”), he also published novels in Haitian Creole: Eritye Vilokan (2001), Bèbè Gòlgota (2008), Senfoni Nago (2012), and Peleren (2015).


Pierre Michel Chéry se yon enfòmatisyen k ap ekri pwogram enfòmatik pou antrepriz nan domèn jesyon ak kontablite. Li gen yon metriz nan teknoloji enfòmasyon, yon diplòm nan estatistik, e yon lisans nan jesyon biznis (INAGHEI), epi li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA). Akote aktivite pwofesyonèl li, Pierre Michel Chéry se yon militan k ap defann lang kreyòl ak kilti popilè pèp ayisyen an; l ap travay pou yo ansèye disiplin syantifik yo nan lang kreyòl pou Ayisyen ka konble lakin yo genyen nan konesans syantifik. Li se manm REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen) e li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Akote tout atik li ekri sou kilti pèp la (12 prensip bwa kayiman, ansèyman matemaktik an kreyòl, analiz sou woman kreyòl), li pibliye yon seri nouvèl nan jounal Haiti en Marche (“Mèt Bolo”, “Site Chèlbè”, “Ki Kote Solèy la fè ?”, “Èske Diyite se yon bis ?”) e li pibliye plizyè woman : Eritye Vilokan (2001), Bèbè Gòlgota (2008), Senfoni Nago (2012), Peleren (2015).