Born in Haiti in 1934, Gérard Latortue was an official in the United Nations for many years, and briefly served as foreign minister of Haiti during the short-lived 1988 administration of Leslie Manigat. He was the Prime Minister of Haiti from March 12, 2004 to June 9, 2006. He is the author of L’oeuvre Législative du Gouvernement de Transition d’Haïti (2004-2006) published by EducaVision. According to this Rule of Law handbook, “because there was no Parliament to legislate the nation during the interim period, [Latortue’s] transitional administration undertook an in-depth reform of the State, modernizing the administrative and legal structures of Haiti to ensure harmonious and sustainable economic development.”
Gérard Latortue fèt nan peyi Ayiti an 1934. Li te yon fonksyonè Nasyonzini pandan plizyè lane, epi te pase yon ti tan kòm minis zafè etranjè Ayiti sou administrasyon François Leslie Manigat a. Li te Premye Minis Ayiti ant 12 mas 2004 ak 9 jen 2006. Li se otè L’oeuvre Législative du Gouvernement de Transition d’Haïti (2004-2006), yon liv EducaVision pibliye. Liv sa a tankou yon Manyèl Eta de Dwa e, selon sa li di, “kòm pa t gen Palman pandan peryòd enterimè a pou fè lwa pou nasyon an, gouvènman enterimè Latortue a te antame yon refòm pwofon onivo Leta ; yo te modènize estrikti administratif ak jiridik Ayiti pou garanti yon devlòpman ekonomik san pwoblèm ki pou te dire lontan.”